Kanmarad Ouvriye/Travayè,

Se Twòp Atò ! Nou di se twòp Atò !
Se nou menm ouvriye/travayè tout kalite ki pote peyi dAyiti sou do nou. Nou pap kite politisyen tradisyonèl yo rale nou dèyè yo. Nou di se twòp atò! Gouvènman monte, gouvènman desann. Koudeta, lokipasyon, eleksyon bidon, Divalye, Lavalas, GNB, jis rive sou PHTK anyen pa janm chanje pou nou menm ouvriye/travayè ak mas popilè yo. Okontrè, se nan mizè ak kras n ap viv, lavichè ap pete fyèl nou. Gouvènman tchoul boujwa ak enperyalis yo pa janm Ogmante salè ouvriye/travayè yo pandan tout sa n ap achte pou nou sèvi ap monte chak jou. Se degrenngole n ap degrenngole nan yon twou lamizè san fon.

Solidaritet

Nou wè aklè jodia chak gouvènman ki monte sou pouvwa a gen ekip granmanjè pa li ki vin fè bè yo sou do nou menm ouvriye/travayè ak mas popilè a. Yo toujou chaje ak bèl pwomès men nan reyalite, se manti tou sèl.

Jounen jodia, nou ka wè pa gen travay, ensekirite blayi toupatou, se gang yo ki fè lalwa nan konplisite ak leta pouri a, vòlò nan leta vin pi awogan. Pa gen kouran, pa gen bon dlo pòtab, pa gen wout, blokis toupatatou. Grandon asosye ak boujwa epi reprezantan nan pouvwa pou vòlè tè peyizan yo toupatou.page1image13040

ENTÈ-SENDIKAL PREMYE ME – BATAY OUVRIYE (ESPM-BO)

Kanmarad Ouvriye/Travayè,

Se Twòp Atò ! Nou di se twòp Atò !
Se nou menm ouvriye/travayè tout kalite ki pote peyi dAyiti sou do nou. Nou pap kite politisyen tradisyonèl yo rale nou dèyè yo. Nou di se twòp atò! Gouvènman monte, gouvènman desann. Koudeta, lokipasyon, eleksyon bidon, Divalye, Lavalas, GNB, jis rive sou PHTK anyen pa janm chanje pou nou menm ouvriye/travayè ak mas popilè yo. Okontrè, se nan mizè ak kras n ap viv, lavichè ap pete fyèl nou. Gouvènman tchoul boujwa ak enperyalis yo pa janm Ogmante salè ouvriye/travayè yo pandan tout sa n ap achte pou nou sèvi ap monte chak jou. Se degrenngole n ap degrenngole nan yon twou lamizè san fon.
Nou wè aklè jodia chak gouvènman ki monte sou pouvwa a gen ekip granmanjè pa li ki vin fè bè yo sou do nou menm ouvriye/travayè ak mas popilè a. Yo toujou chaje ak bèl pwomès men nan reyalite, se manti tou sèl.Jounen jodia, nou ka wè pa gen travay, ensekirite blayi toupatou, se gang yo ki fè lalwa nan konplisite ak leta pouri a, vòlò nan leta vin pi awogan. Pa gen kouran, pa gen bon dlo pòtab, pa gen wout, blokis toupatatou. Grandon asosye ak boujwa epi reprezantan nan pouvwa pou vòlè tè peyizan yo toupatou.

Men sa nou vle :

➢ Bonjan salè vital ak tout akonpayman sosyal pou ouvriye ka viv tankou moun vre ;➢ Bonjan refòm agrè ak akonpayman pou peyizan yo ka pwodwi pi byen ;
➢ Eliminasyon tout kalite koripsyon nan leta ;

➢ Respè dwa tout travayè ak etidyan pou esprime lide yo jan yo vle ;
➢ Edikasyon gratis pou tout pitit mas yo san diskriminasyon ;
➢ Envestisman nan prodiksyon nasyonal pou gen travay epi pou peyi a granmoun tèt li

tout bon vre;

➢ Pou peyi enperyalis yo sispann foure bouch nan zafè peyi nou ;

Yon sèl mwayen pou sa fèt, se nou ki pou òganize tèt nou pou kraze leta pouri sa a epi mete leta pa nou sou kontwòl òganizayon pa nou pou defann enterè pa nou.

Fòk gen yon leve kanpe jeneral pou jete leta fatra sa a ak tout gouvènman PHTK a Aba Leta Pouri Tyoul Boujwa, Tyoul Grandon, Tyoul Enpeyalis !

Ann òganize tèt nou pou bare wout ak tout politisyen opotinis ak vòlò kap pare pou vin ranplasan leta a pouri a !

Viv lit otonòm mas popilè yo ak travayè kòm poto mitan, anba direksyon klas onvriye a! VIV YON LETA TRAVAYÈ !

Men sa nou vle :

➢ Bonjan salè vital ak tout akonpayman sosyal pou ouvriye ka viv tankou moun vre ;➢ Bonjan refòm agrè ak akonpayman pou peyizan yo ka pwodwi pi byen ;

➢ Eliminasyon tout kalite koripsyon nan leta ;
➢ Respè dwa tout travayè ak etidyan pou esprime lide yo jan yo vle ;
➢ Edikasyon gratis pou tout pitit mas yo san diskriminasyon ;
➢ Envestisman nan prodiksyon nasyonal pou gen travay epi pou peyi a granmoun tet li

tout bon vre;

➢ Pou peyi enperyalis yo sispann foure bouch nan zafè peyi nou ;

Yon sèl mwayen pou sa fèt, se nou ki pou òganize tèt nou pou kraze leta pouri sa a epi mete leta pa nou sou kontwòl òganizayon pa nou pou defann enterè pa nou.

Fòk gen yon leve kanpe jeneral pou jete leta fatra sa a ak tout gouvènman PHTK a

Aba Leta Pouri Tyoul Boujwa, Tyoul Grandon, Tyoul Enpeyalis !
Ann òganize tèt nou pou bare wout ak tout politisyen opotinis ak vòlò kap pare pou vin ranplasan leta a

pouri a!
Viv lit otonòm mas popilè yo ak travayè kòm poto mitan, anba direksyon klas onvriye a!

VIV YON LETA TRAVAYÈ !

Por admin

Deja una respuesta

Tu dirección de correo electrónico no será publicada. Los campos obligatorios están marcados con *

Este sitio usa Akismet para reducir el spam. Aprende cómo se procesan los datos de tus comentarios.